Nwel Pam\'m
23 déc. 2004
Nwèl pam, se de bout manyok bouyi
Ak yon godèt dlo sous pyant
Se yon pwason, kap kreve fyél mwen
Nwèl pam, se pa lanmou
Men yon panyen koze devan deyé
Ki vle\'m kwè ke depi Daome ak nan ginen
Nég rayi, nég
Nwèl pam se tristes lèm gade
Jan yon dezièm fwa
Yo touye DESSALINES ak Toussaint LOUVERTURE
Rasin nan sanble pat pwofon mapou tonbe
Kabrit mange fèy li
Papa nwèl se pa fèt linyon
Ki preche la delivrans
Se pito yon jou kote fè nwa blayi
Nan kat kafou, pou bay la gé
Kat blanch, sakrifyé sou lotèl la ront
Peyi\'m ki dechire an miyèt moso
Si Katrin FLON te ka pase
Li ta rekoud yon lot drapo
Pou fè\'n sonje Lafrik manman\'n
Kote\'n soti
Nwè, li minwi nan savan nan
Manman pitit mare senti
Agarou madigra mal maske ak bon mask
Pra\'l fè dlo kò\'n benyen kòn
Beng beng minwi sonen
Yo eten souf ti jezi
Li pa gentan sot bètleyèm
Pou sove AYITI
Lè bwa chèn desan li pa respekte
Ni zotobre, ni malere kanson pyèsè
Nwèl se ki vèb ak ki bouch
Ke mwen ka konjige\'l Ti zezi mouri nan pasaj
Makònen ak pòv yo
Pye bwa, fatra, bèt
Ale nan dlo
Yo ateri potay sen josèf
Pou dekore mize orè
Ke anken atis pa ka pen\'n
Nwèl se ki vèb ak ki bouch
Ke mwen ka konjige\'l
Si\'l te yon boul bòlèt
Mwen ta jwel ak revè
Fè mariaj ak loto
Ay ayay si\'l ta manke fè
Dekabés mwen ta fè peyi\'m nan
Bèl ti fi
Epa map depale se pa lajan ki manke
Se volonte
Ak lanmou sèlman pou fè
Gran jou nwèl la
Tounen yon fèt
Kote tout moun santi yo se frè
Nan yon bouyon lanmou
Men\'m jan ak lè gen kanaval
Nwèl pam se yon rèv je klè
Ke mwen fè, men jan ak Martin LUTHERKING
Ki pa wè rèv blan ak nwa chita menm kote
Jodi ya se yon reyalite
nwèl pam se yon rèv kote
tout souflantyou, machan peyi
va konpran ke se tout ayisyen men nan men
ki pou fè AYITI resisite
.